Lizay pou lespri zansèt nou ki repoze anpè. Lizay pou yo tout ki antoure nou. Yo menm ki ban m pasaj pou m travèse, yo menm ki ede m kenbe balans ant de mond paralèl. Lespri yo ap gide m pou tenèb pa anvayi m. Depi m tou piti, je yo sou mwen. Kod lonbrit la plante nan gran lakou, anba pye Wou ki toujou ban m fòs. Mèt Limyè toujou avè m, ak bon beny bwa banbou pou ond pozitif. Chak gout dlo va pote limyè, louvri chemen mwen, rale lanmou, lajwa, ak siksè. M ap taye banda sou ti chèz byen ba mwen, laye mwen nan men, m ap griye kafe. Bon sant griyo ap pete nen mwen. Chak gout tafya fè m souri. M gade syèl la, m gade lanati, m remèsye Mèt Latè pou bon randman li ba nou. Zago m atè, m rete an kontak ak li pou l ban m fòs. M ap mache sou wout mwen san pè, paske li kenbe mwen. Pandan Mèt Solèy ap raple m: "Parese pa manje." Li ranpli m ak melanin, tankou lanmè ak fon. Li make m, li fè m respekte swè fwon moun, tankou senbòl sakre. Mèt Lè pou oksijèn nou respire, pou vwa zansèt yo l a...