Lizay pou lespri zansèt nou ki
repoze anpè.
Lizay pou yo tout ki antoure nou.
Yo menm ki ban
m pasaj pou m travèse,
yo menm ki ede m kenbe balans ant de mond
paralèl.
Lespri yo ap gide m pou tenèb pa anvayi m.
Depi
m tou piti, je yo sou mwen.
Kod lonbrit la plante nan gran
lakou,
anba pye Wou ki toujou ban m fòs.
Mèt Limyè
toujou avè m,
ak bon beny bwa banbou pou ond pozitif.
Chak
gout dlo va pote limyè,
louvri chemen mwen, rale lanmou, lajwa,
ak siksè.
M ap taye banda sou ti chèz byen ba mwen,
laye
mwen nan men, m ap griye kafe.
Bon sant griyo ap pete nen
mwen.
Chak gout tafya fè m souri.
M gade syèl la, m gade
lanati,
m remèsye Mèt Latè pou bon randman li ba nou.
Zago m
atè, m rete an kontak ak li pou l ban m fòs.
M ap mache sou
wout mwen san pè, paske li kenbe mwen.
Pandan Mèt Solèy ap
raple m: "Parese pa manje."
Li ranpli m ak melanin,
tankou lanmè ak fon.
Li make m, li fè m respekte swè fwon moun,
tankou senbòl sakre.
Mèt Lè pou oksijèn nou respire,
pou
vwa zansèt yo l ap fè m tande,
tankou yon im ki grave nan panse
m.
Li pa pale fò, men li frape anndan.
Li chouchoute m ak
ti vwa dous li.
Li karese vizaj mwen ki ap transpire.
Li fè m
sonje rasin mwen, orijin mwen.
Lè m vle febli, li ban m bwa chwal
pou m rete djanm.
Mèt Dlo pou la wouze li ba nou,
li menm
ki lave sa ki twò lou,
li menm ki pote lavi, k ap koule san
rete.
Li bwè doulè, li netwaye lespri.
Li kouvri tè a ak
dousè li
pou fè flè leve ak kè kontan.
M ap chante
lodyans pou zansèt yo,
m ap danse, m ap chante pou onè lavi.
Bon
kout tabak ap fè m depale,
gwo wòb mwen ap balanse.
M
santi lespri libète anvayi mwen.
M santi l ap mennen m kote
zetwal pale.
Kote mistè tan an revele l nan bri van.
M ap
flote sou ritm tanbou ki vibre nan fon m.
M ap reponn apèl zansèt
yo,
m ap mache sou tras yo kite pou mwen.
✦ Jean François Malaischa
✦
𝘉𝘳𝘶𝘮𝘦 𝘥’𝘦𝘯𝘤𝘳𝘦
Retour au sommaire du Newsletter n°5 | Volume II

Commentaires
Enregistrer un commentaire